dimanche , 28 avril 2024

Yon premye Me nan Pòtoprens

Temps de lecture : 3 minutes

Mis à jour le 1 mai 2021 à 14h23

Nòmalman Jodi a se premye Me, Channmas mi ak moun, pil manje lokal, zèv atizay, tout kalite liv ap kale kò yo nan yon fwa tradisyonèl anba a. Sitwayen pezib ak touris byen abiye, rad a flè, chapo pay, sapat po bèf nan pye yo ap pwomennen san kè sote sou plas yo, manje kann, bwè kokoye, krèm ak fresko. Nan chak ti kwen g on twoubadou k ap bay plezi.

Premye Me nan peyi m se gwo zafè, se tout yon pwogram byen chapante. Yon pakèt atizan ki sòti nan tout rakwen peyi a debake Pòtoprens pou vin espoze zèv yo. Konn menm gen etranje pami yo. Pa gen sa w bezwen w p ap jwenn. Depi jou sa rive, majorite popilasyon an deplase tankou yon sèl moun pou vin pote, vin pran plezi yo, se yon jou istorik.

Manje lokal fè kenken, m rive la m wè yon pil krab ak sirik k ap marinen nan yon lalo, yon tchaka k ap boloze nan yon gwo bonm. M rive adwat m wè yon lame pwason boukannen k ap fè m je dou, yon soup joumou ki fin anraje k ap touye tèt li bouyi. Agoch menm, yon tonmtonm ki gonfle kò l sou yon tab k ap fè m lasisin. M fè laviwonn dede tèlman wè bèl bagay. Ou ta di yo ta fini: se atò yap ban m tiz. Yon liy bokal manba tout savè sale sikre pike, konfiti chadèk anana rezen, chanmchanm mayi melanje ak pistach. Se jou sa m wè plis pen mayi, pen patat, pen diri, kasav Okap, bobori, ponmkèt, papita, wayal, bonbon siwo, konparèt Jeremi, bonbon amidon, bonbon lako ak mimoz, reyini yon sèl kote. Mezanmi ase! Pate chodyè, marinad, akra, griyo, taso, bannann fri ak pikliz kite devan pòt yo vin layite yo anba lavil. Anbyans lan t ap manke si pa t gen kòktèl, wonm, kleren blan, boutèy kòs ak diven pou chofe bouch nou.

Se fèt agrikilti ak travay. Se fèt kiltivatè, kidonk pa gen viv ou bezwen, pa gen fèy ou bezwen ou p ap jwenn anba a: te kowosòl, mabi, asowosi, gen bazilik, vèvenn, amwaz. Sant yo konn melanje nan nen m, genyen se machann nan k ap di m non yo paske se premye fwa m wè yo. Malanga, mazonbèl, yanm, bannann ak patat fè mikalaw nan yon chodyè bouyon. Se yon festen san parèy. Tout moun ozanj! Gen yon konplisite ki kache nan chak souri chak rega ki kwaze. M ap li fyète ak lanmou sou vizaj chak grenn ayisyen ki ap defile sou plas la. GEN LAVI!

Tout moun gen plas yo anba a jodi a. Si w renmen danse w ap jwenn twoubadou. Si w renmen li, w ap jwenn tout kalite liv ou bezwen ak yon meyè pri: woman, pwezi, syans, woman foto, bib, chan elatrye…

Maryonetis yo ak kloun yo la pou bay timoun yo plezi. Timoun kou granmoun ap sote kòd, jwe marèl, jwe mab, jwe oslè domino ak kat. Tout tradisyon, mès ak koutim peyi a rankontre jodi a. W ap menm jwenn moun k ap bay blag, tire kont. Atis yo melanje ak fanatik yo y ap fè kalen, y ap fè foto. Lapolis epapiye nan tout zòn nan pou bay sekirite, tout moun kè poze.

Depi w rive channmas premye Me tout klas sosyal melanje, tout konplèks kraze rak. Tout moun ap manje, bwè nan lari, timoun kay mè ak timoun kay pè melanje ak timoun lise nan yon anbyans inifòm. M fin byen manje, valiz mwen plen liv, m santi m byen, m ap ri, m ap kouri, m ap danse, m ap chante. M pa mande pou m tounen lakay mwen.

Yon ti lapli pran farinen, tout moun ak parapli sou tèt yo, sa k pa t pote kochte kò l bò yon lòt, yo tou fè konesans. Lapli a pase, lakansyèl la parèt vin ajoute koulè pa l nan tablo a pandan solèy la ap retounen nan plas li tou dousman.

Anyen pa chanje jiskaske m voup m pantan, m wè m nan kabann mw gwo jodi samdi premye Me 2021, laperèz fè m oblije chita lakay mwen paske PHTK kraze peyi a! Prezidan ilegal Jovenel di l ap travay kont lamizè.[1] Genlè li pa wè rejim l ap dirije a s on machin k ap fabrike moun pòv. Sòti nan Petwokaribe, rive nan kidnapin, pase pran lajan transfè an goud, pou m site sa yo sèlman, peyi a tonbe anba yon pil piyajè ki pa pè, ki pa wont fè yon simagri nan plas premye Me.

FreeHaiti

[1] https://lenouvelliste.com/article/228787/ce-president-ne-va-pas-tomber-declare-jovenel-moise

À propos de Mydna St Cima

Diplomate et linguiste de formation, Mydna ST CIMA est née à Port-au-Prince. Dès son plus jeune âge elle se sent habitée par une passion pour la littérature, d’où le respect qu’elle voue aujourd’hui à la lecture et les langues étrangères. Mydna est une grande observatrice et a le souci d’une bonne communication. Elle est donc persuadée que l’écriture est l’un des meilleurs canaux pour populariser ses perceptions, ses engagements, ses sentiments, ses analyses et sa vision du monde extérieur aux gens.

Visitez aussi

Le cauchemar des loyers en Haïti en temps de crise

On vit dans un pays perpétuellement en crise. Face à l’absence de l’Etat, il ne …