dimanche , 28 avril 2024

Represyon lengwistik la toujou la. Lang Kreyòl ayisyen an ap reziste

Temps de lecture : 8 minutes

Mis à jour le 1 février 2021 à 12h24

Anndan sosyete peyi d Ayiti gen yon maleng lengwistik ki mande yon bon jan tretman. Malgre tout efò pou lang kreyòl la kapab rete kanpe djanm, gen yon gwoup moun ki pa sispann fè tantativ pou rabese li. Yo sanble bliye si an reyalite lang kreyòl la se eleman ki defini idantite tout ayisyen alawonnbadè. Soti depi nan lekòl timoun pou jis rive nan administrasyon piblik kou prive, pa manke genyen represyon ak vyolasyon dwa lengwistik popilasyon an sou divès fòm.

Moun pa chwazi lang, pa chwazi manman yo, se lang manman yo ki chwazi yo

Li enpòtan pou nou kòmanse fè yon ti pale sou detèminis. Lang manman se youn ladan l. Lè yon timoun fèt, li pa responsab anyen ki pral detèmine kondisyon egzistans li sou latè. Se pa li menm ki deside nan ki fanmi li dwe fèt, ki koulè po li dwe genyen, kijan cheve li dwe ye, ki pwofesyon paran li ap egzèse. Li pa gen otorite pou pran pyès desizyon konsènan orijin li. Li jis rete li konstate li fèt nan tèl klas sosyal, tèl ras moun, tèl peyi elatriye.

Paske lè timoun nan fin fèt, fòk li grandi, li oblije retwouve li nan yon espas ki pral jwe yon wòl kapital sou timoun nan. Enpak espas la pral manifeste atravè anpil eleman tankou : konpòtman li, kwayans li, abiman li, lang li elt… Kidonk, sa pèmèt nou konprann se pa timoun nan ki fè chwa sa yo. Men pito, li tou leve jwenn yo fèt epi yo aji sou li menm si lè li kòmanse gen bon konprann, li kapab chwazi aji sou kèk pami yo tou.

Chwa lengwistik sistèm edikatif la, yon chwa kont pwòp tèt nou

Yves Déjean se yon lengwis ki mouri, pa gen twò lontan sa, men ki ekri yon liv ki gen kòm tit « yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba ‘’. Nan liv sa a, otè a rale agiman anpil gwo espesyalis nan lasyans pou konpoze ak pa li jis pou moutre kòman tèt anpil moun isit pa dwat.

Menmjan ak Yves Déjean, an nou eseye imajine kèk senaryo ansanm : yon ti fransè ki genyen 4,5,6,7 oubyen 8 tan ki rive lekòl epi pwofesè a rale yon liv anglè pou pataje konesans avèk li san timoun sa pa t janm konn tande anglè lakay li anvan. Nou ka pran tou yon ti brezilyen ki pale pòtigè ki pa t janm konn pale fransè lakay li anvan, epi lè li ale lekòl pwofesè a deside pale fransè avèk li. Pa bezwen anpil refleksyon pou konprann chwa pou anseye timoun nan nan yon lang li pa konprann ap gen gwo konsekans sou pakou akademik li.

Egzèsis sa ap pèmèt konprann sitiyasyon yon ayisyen ki ale lekòl epi tout liv li yo ekri nan yon lang li pa t janm konn pale lakay li. Tout gwo espesyalis syans langaj moutre pou yon moun aprann yon lang ki pa lang li ( yon dezyèm lang… Lang 2), fòk li te byen metrize lang manman li (Lang 1). Deja, li prèske enposib pou yon timoun 8 lane ta rive metrize lang manman li konplètman a laj sa alewè pou yon lòt lang.

Yon moun pa oblije gwo espesyalis pou li konprann tout avantaj ki genyen lè yon timoun aprann nan lang li konnen. Premyèman, sa pèmèt li aprann pi vit paske pwofesè a pa bezwen kanpe nan wout detanzantan pou li eksplike chak grenn tèm. Se vre ap toujou gen eleman ki parèt nouvo pou aprenan an, men sa p ap anpeche egzèsis aprantisaj la fèt pi rapid. Anplis, sa ofri aprenan an posibilite pou li aprann pi byen. Sa vle di li p ap fòseman oblije nan kraze pa kè sa li aprann nan epi li ap an mezi pou li pataje konpreyansyon li ak lòt moun tou. Finalman, li ap aprann pou pi lontan paske li p ap nan obligasyon pou li esklav mo ki nan yon leson. Sa ki ap enpòtan pou li, se tout ti detay ki te genyen nan leson an, e se yo menm ki ap rete grave nan memwa li.

Kidonk, fòse timoun aprann nan yon lang ki pa lang manman l se mete plis difikilte nan aprantisaj la. Se ogmante chans pou pi fò pa ka pase.

Represyon lengwistik, yon maleng nan sosyete a

Depi ou nan sitiyasyon kote yo entèdi w pale lang ou, se represyon lengwistik. Pratik sa egziste nan peyi nou depi plizyè lane e ta sanble li poko prèt pou kaba. Sa ki pi tris nan istwa sa, se paske se nan lekòl nou plis rankontre jan de represyon sa. An reyalite, èske sa se yon move bagay ?

Pou reponn kesyon sa, an nou fè yon lòt ti egzèsis : imajine yon jèn ti fransè ki ale lekòl epi yo entèdi li pale fransè ki se lang ki defini idantite li. Kòman sosyete fransè a t ap wè sa ? Nou tout ap admèt bagay sa t ap fè anpil tole nan laprès e yo pa t ap kapab dijere l.

Pa bò isit menm, gen yon seri de lekòl ki pran plezi yo nan sanksyone elèv ki pale lang manman yo (kreyòl) nan sal klas oubyen nan lakou lekòl la. Yo chak itilize yon metòd ki pwòp ak yo pou demounize nenpòt ki elèv ki ta pale kreyòl. Gen yon eslogan ki la depi plizyè jenerasyon ki se “exprime-toi”. Se kòmsi lè yon elèv itilize lang kreyòl la pou fè pase ide li, li pa rive eksprime l.

Moun ki travay nan domèn sikolengwistik ak newolengwistik ta di yo fè yon ankraj negatif nan tèt jèn ayisyen an ki fè chak fwa li pale kreyòl li gen lenpresyon li enferyè. San dout, se sa anpil sosyològ rele kolonizasyon mantal la k ap kontinye fè chemen li nan tout rak kwen nan peyi a.

Agiman yo souvan avanse – e ki ta vle fè sans- pou jistifye represyon lengwistik sa se mo syantifik ki manke nan lang kreyòl. Men kijan pou lang evolye si n anpeche pwòp syantifik n ap fòme ekri nan lang manman yo?

Nòmalman gen yon grenn fason posib e lojik pou ta anpeche yon elèv k ap pran fòmasyon nan pwòp peyi li pale lang manman li. Se si li nan yon klas kote li ap aprann pale espesyalman yon lòt lang. Paske l ap bezwen yon maksimòm pratik pou li kapab plizoumwen abil nan lang li ap aprann nan, li objije fè yon ti depoze lang manman li yon kote pou yon ti tan. Men malgre sa, pèsòn moun pa gen dwa pou tante desann valè lang manman li sou pyès pretèks.

Kreyòl, yon konsèp pou deziye lang ak kilti

Tout lang sou latè se yon elaman ki fè pati de kilti pèp ki pale li a. Pa egzanp, lè yon moun pale fransè, selon aksan moun nan itilize a li posib pou nou idantifye nan ki zòn jewografik moun sa soti. Èske se kanada? Eske se Lafrans? Eske se nan zòn afrik la? Elt… Malgre tout peyi sa nou sot site la yo ki pale fransè, pèsòn p ap janm oze konsidere yon kanadyen oubyen yon bèlj kòm fransè paske lang fransè pa yon kilti, men yon eleman kiltirèl.

Pou kreyòl kòm lang, nou oblije fè yon lòt nivo analiz paske li pa sèlman yon eleman ki fè pati de kilti a, men li se kilti a tou. Se sa ki fè anpil fwa yo pale de ‘’fanm kreyòl” pou kategorize tout fanm nwa ki kenbe aspè natirèl li. Yo konn pale tou de ‘’manje kreyòl”, “abiman kreyòl” ak anpil lòt ankò nan sousi pou idantifye tout bagay ki atache ak fason esklav te konn viv nan peryòd kolonyal.

Kontrèman ak premye nivo analiz la ki pa pèmèt nou konsidere yon bèlj kòm fransè an tèm de kilti, li posib pou nou konsidere Gwadloupeyen, Morisyen, Ayisyen, Matinikè ak anpil lòt nasyon ankò kòm kreyòl an tèm de kilti. Kidonk, nou konprann byen kilti kreyòl la se yon ansanm valè ki makonnen youn ak lòt ki raple nou istwa nou e ki fè nou konnen kilès nou ye tout bon vre.

Vyolasyon dwa lengwistik, se krache sou konstitisyon nou an

Tèks ki enpòtan pou nou konprann se manman lwa peyi d Ayiti (konstitisyon 1987 la). Atik senk (5) konstitisyon sa a rekonèt lang kreyòl la kòm eleman ki simante tout ayisyen. Sa vle di, se li menm ki mete tout ayisyen an lyezon (kontak).

Malerezman, sa pa toujou konsa paske gen yon pakèt ayisyen ki poko konsyan si yo kolonize mantalman ki panse lè yo entwodui yo an fransè bay yon lokitè kreyolofòn inileng, sa ogmante valè yo. Anpil nan moun ki ap travay labank yo ak anpil anplwaye nan administrasyon piblik kou prive pa sispann itilize ti fraz selèb yo a ki se: “Madame/Monsieur, que puis-je pour vous?” pou tabli premye kontak avèk kliyan yo ki, nan majorite ka yo, pa pale fransè.

Menm atik senk sa di nou gen de (2) lang ofisyèl: kreyòl ak fransè. Paske kreyòl se lang ki simante tout ayisyen, si yon enstitisyon sòti yon avi/nòt an kreyòl, li pa nesesè pou li tradui avi/nòt sa an fransè. Alòske si li sòti li an fransè, konstitisyonèlman palan, li dwe tradui li an kreyòl paske se pa tout ayisyen ki konprann fransè.

Se vre gen anpil dokiman leta bay tankou paspò ak kat idantifikasyon nasyonal ki respekte atik sa, men nan reyalite nou ap viv chak jou se vyolasyon total dwa lengwistik popilasyon an.
Dokiman DGI, Ekstrè dachiv, manda ak anpil nòt leta soti se prèv ki jistifye nivo satisfaksyon leta nan pase konstitisyon an anba pye.

Malgre tout bagay, kreyòl la ap reziste

Malgre kreyòl la reponn ak tout kritè yon lang ki grandèt majè, malgre konstitisyon an ba l estati lang ofisyèl, gen anpil pwofàn ki pa t sispann di li se yon dyalèk, san yo pa t rive tabli diferans ki egziste ant de (2) konsèp sa yo : lang ak dyalèk.

Sa pa gen twò lontan depi anpil nan yo kòmanse wè se bagay san fondman yo te konn ap di. Jounen jodi a, non sèlman lang kreyòl ayisyen an ofisyèlman gen yon akademi ki pou travay pou fè li plis devlope ak valorize, men tou li fè pati de lang ki entèrese anpil lengwis nan mond la. Anplis de sa, li nan lis lang ofisyèl nan eta Nouyòk, Etazini, bò kote espanyòl, mandaren, ris, italyen ak koreyen.

Nan sektè kiltirèl la menm, lang kreyòl la enpoze li tankou se yon gwo tonton referans. Tasitman, ta sanble gen yon kontra ki siyen ant konsomatè mizik ayisyen an ak lang nan ki di: ‘‘depi yon atis ayisyen oubyen yon gwoup mizikal fè mizik totalman an fransè, nou ap sanksyone l.” Sa vle di, li ap trè difisil pou li fè “hit”. Menm si nou ta pran atis ki pi popilè a, kontrèman ak jan sa te ye anvan, depi piblik li sible a se ayisyen, li p ap janm pran chans ekri yon mizik sèlman an fransè paske fanatik yo p ap twò konsome li.

Nan politik la, li gen yon gwo fòs tou. Politisyen yo konnen trè byen lè yo nan peryòd kanpay yo oblije pale nan lang pèp la konnprann nan, ki se kreyòl. Konsta yo moutre tout dènye kandida ki ranpòte eleksyon prezidansyèl yo te itilize yon nivo trè bazik nan lang nan pou yo te kapab fè pase pwogram yo. Yon lòt bò, moun ki opoze ak pouvwa yo souvan lanse mobilizasyon pou denonse deriv daprè yo, pa janm pran chans lanse diskou yo nan yon lòt lang paske yo konnen li p ap gen fòs pèfòmativ ‘’factum’’ malgre yo gen otorite pou sa.

Entèdi yon ayisyen pale lang li ki se yon eleman kilti li, se tankou ou entèdi yon moun jeremi manje tontonm oubyen yon moun latibonit manje lalo san okenn rezon valab. Nou dwe toujou sonje lang pa inikman yon zouti ki pèmèt gen kominikasyon ant moun ak moun. Syans ki etidye moun ak sosyete yo tankou antwopoloji, etnoloji, sosyoloji makonnen ak syans langaj moutre lang nan se yon zouti ki pèmèt pèp domine pèp, ki pèmèt gen esklizyon ak enklizyon. Se sa ki fè dwa lengwistik yon moun oubyen yon gwoup moun, se pa yon bagay pou pèsòn janm machande.

Leevens Vilme

Nòt :

https://d1wqtxts1xzle7.cloudfront.net/64100337/Revue%20RHSM%207%20pg%2089.pdf?1596606883=&response-content-disposition=inline%3B+filename%3DChallenges_and_Pitfalls_in_the_Evaluatio.pdf&Expires=1611461159&Signature=BZa~46E9~wJk4Z5AAy~03dqXMwQfDxZxIPo-fTDZkutRtJF4uzMlkBCRw491FZ2V26HoARmF5G6qNTeX561kXhyj7oNVfRQjpg7XxJVpQ9nRzqJrZVE8xZNO5OytrxX0smpAAvT9f5bMXb5Ab2wkWQfia0fcIt2-8kDelTzKWjgw-af5Uot7NPshvhu1lE5wPSahpQb8ZQXckz9mzTLZwtisyhN6zk-FGoFhYOod-FhzbQWO7a4oUiSWP66OwpkSSm-951UGkK-0dJmF91pJokMzZly4V2Tf8E662LgqmiLF4eF5QJsFICdFVk7wv3soGcj~fZd2po-AlxBQ3vb6QQ__&Key-Pair-Id=APKAJLOHF5GGSLRBV4ZA#page=61

https://books.google.ht/books?hl=fr&lr=&id=6gZ4KorAeuoC&oi=fnd&pg=PA11&dq=colonisation+mentale+sociologie&ots=4utgy3DoBN&sig=1mRmbwjBZ4qMI1MmEcUfiZMAPx4&redir_esc=y#v=onepage&q=colonisation%20mentale%20sociologie&f=false

https://lenouvelliste.com/article/60317/le-creole-officialise-dans-la-ville-de-new-york

https://lenouvelliste.com/article/117027/yon-lekol-tet-anba-nan-yon-peyi-tet-anba

http://www.cidihca.com/Reference_livre.php?parametre=a%3A2%3A%7Bs%3A6%3A%22Numero%22%3Bs%3A5%3A%2223382%22%3Bs%3A5%3A%22Titre%22%3Bs%3A43%3A%22Yon+lek%C3%B2l+t%C3%A8t+anba+nan+yon+peyi+t%C3%A8t+anba%22%3B%7D&

À propos de Leevens Vilmé

Leevens Vilmé, né le 20 novembre 1996 à Petite Rivière de l'Artibonite, est étudiant en linguistique à l'UEH.

Visitez aussi

Le cauchemar des loyers en Haïti en temps de crise

On vit dans un pays perpétuellement en crise. Face à l’absence de l’Etat, il ne …