vendredi , 19 avril 2024

Koutje sou ransonnay ak latwoublay nan wout Tomazo a

Temps de lecture : 6 minutes

Mis à jour le 1 mars 2022 à 0h37

Depi kèk tan machin, ensekirite a pa sispann koze latwoublay ak lanmò nan peyi nou. Matisan, Vilajdedye, Kwadèboukè, pou nou site sa yo sèlman, se zòn bandi ak zam achte ak lajan kontan. Fenomèn bandi a ap evolye anpil kote men granpiblik la pa toujou konnen. Tomazo se youn nan zòn sa yo, espesyalman nan wout ki ale kwadèboubè a.

Tomazo se yon komin nan depatman lwès ann Ayiti. Li twouve li nan awondisman Kwadeboukè. Tomazo sitye douz (12) kilomèt ak Pòtoprens. Si nou remake ransonnay ak latwoulay nan wout la, li enpòtan pou n gade kote pwoblèm sa soti. Nan atik la n ap tante montre orijin pwoblèm sa nan yon premye moman. Nan yon dezyèm moman, n ap eseye gade konsekans pwoblem sa gen sou popilasyon tomazlè a. N ap fini atik la ak kèk pwopozisyon bay leta ayisyen nan sousi pou amelyore sityasyon an.

Istorik ransonnay ak latwoublay la

Fenomèn ensekirite a nan Tomazo kòmanse boujonnen nan dezyèm seksyon granplèn. Li te kòmanse nan pran bèt ti peyizan, sitou bèf ak kabrit tonbe sou wout nasyonal yo tankou wout segondè yo. Se te yon  bagay ki te konn fèt ankachèt paske moun ki te konn fè pratik sa yo pa t twò parèt tèt yo. Te gen yon enterè ekonomik ki kache dèyè tout pratik sa yo.

Sitiyasyon sa pral dejenere nan premye seksyon an, sant vil la ak lòt zòn ki anviwonnen li yo, men fwa sa se pou yon lòt kòz. Selon temwayaj kèk notab, lavèy eleksyon nan lane 2015 yo, ta sanble se kèk kandida ki te antre nan pratik distribye zam ak minisyon nan kèk baz pou fè eleksyon pou yo. Se yon youn nan fason pou yo kraponnen advèsè a tou.  Paske yo souvan di « Nan peyi d Ayiti se zam ak lajan ki bay eleksyon. »

Aprè eleksyon yo fini, zam yo souvan paka retounen nan sous yo, yo gaye tout kote. Se konsa yon gwoup gang ki te gen nan tèt li Ariol ta pral achte bouk Tomazo lajan kontan. Nèg sa yo pa t pè anyen paske menm lapolis nan zòn nan te parèt prèske enpuisan devan yo. Yo touye, yo kidnape, yo fè resèt : nan mache, nan men biznisman yo, lekòl yo, elatriye. Nèg sa yo fè resèt sou mòg k ap vini ak mò pou antèman nan komin nan.

Se konsa anpil tijèn gason nan premye seksyon te kòmanse entegre ekip Ariol la, ki te gen kontwòl vil la ak lòt tizòn sou kote yo. Yo te konn fè moun menas de mò. Gwoup Ariol la pral kraze aprè yon kidnapin yo te fè sou yon sitwayen endyen ki t ap travay nan zòn nan. Li al chache ranfò nan baz nèg 400 mawozo yo, se konsa yo te touye li ak anviwon 8 mann ekip li a. Sila yo ki te vivan te tonbe nan mawon. Fò n souliye pwoblèm latwoublay ak ransonnay la pa rete san konsekans sou popilasyon an.

Konsekans ransonnay ak latwoubay la

Fonksyonman lekòl piblik yo paralize

Sitiyasyon sa lakòz lekòl yo ap mal fonksyone, timoun nan lekòl piblik konn fè plizyè jou e menm plizyè semèn san pwofesè nan klas yo paske anpil nan ansenyan sa yo se Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen li yo y ap soti pou vin travay. Nan yon konvèzasyon nou te genyen ak yon pwofesè nan lekòl nasyonal la (EFA), li te fè nou konnen majorite pwofesè ki fè kou nan fondamantal se moun ki sòti Pòtoprens. Li avanse pou li di anpil nan yo mande transfere yo lòt kote deja pou pwoteje tèt yo kont vyolans k ap fèt sou moun prèske chak jou sou wout Tomazo a. Bagay yo sanble pa depaman andan lise Flòvil Iipolit Tomazo a.

Lise Flòvil Ipolit Tomazo a se pi gwo pilye edikatif nan lokalite a. Nan rankont nou te gen ak  yon pwofesè matematik nan lise a, li fè nou konnen lise a gen prèske yon dizèn pwofesè ki travay plen tan ki sòti Pòtoprens. Fas ak sitiyasyon trajik sa, ansenyan yo paka vin fè kou regilyèman. Chak fwa endividi mal entasyone yo manyen bouton ensekirite a nan wout la, pwofesè yo chome pou pwoteje tèt yo kont tout atak.

Menm gen ansenyan ki pa tann mouche leta bay yo lèt transfè a, yo mete van nan vwèl yo. Yo pa janm vin travay lekòl la, elèv yo ap soufri pou kou pandanstan nèg yo kontinye ap touche lajan leta.

Disfonksyonnman lopital kominotè a


Nou te fè yon koudèy nan espas ki ta dwe bay popilasyon an laswenyay la. Konsta yo sanble pi malouk. Lopital kominotè a tounen yon savann pou kabrit pyafe, selon sa abitan ki abite tou prè a fè nou konnen. Atravè telefòn nou te rive pale ak yon medsen ki te konn bay lopital la sèvis li nan yon epòk. Se avèk anpil kè sere li t ap dekri sitiyasyon lopital la ban nou. Daprè li menm, enstitisyon sa p ap fonksyone pou nou pa di li pa egziste. Doktè Lucknord Occéan ki t ap dirije lopital la transfere. Gen moun ki fè kwè se aprè nèg ak zam moun pa rive idantifye te poze lapat sou li nan antre Tomazo a desizyon sa te pran, malgre li se timoun komin nan men li oblije fè yon kraze kite sa.

Aprè tansfè direktè Occéan, otorite konsène yo voye mesye Vilbrun Jhonny. Li refize vini nan pòs la. Doktè Oméga Jean, ki se natif komin nan, te refize pase anba bouch lyon yo tou, pou l te vin kòm direktè jeneral lopital la. Daprè enfòmasyon nou rive kolekte, se sèlman twa (3) grenn enfimyè kontraktyèl, ki se moun zòn nan, k ap bay popilasyon an sèvis pou kèlkeswa ka san okenn asistans medsen pwofesyonèl. Reyalite malouk !

Fanm ansent menm arive pèdi lavi yo paske yo pa jwenn bon jan laswenyay.

Aktivite ekonomik yo ralanti

Ekonomi Tomazo a – ki chita sou agrikilti, komès madan sara ak timachann – pa sispann ralanti nan moman difisil sa yo. Lendi ak jedi se de (2) jou sa yo mache piblik la fonksyone, abitan k ap sòti nan seksyon kominal yo pwofite vin vann (prodwui yo rekòlte, volay ak lòt bèt). Gen anpil abitan lòt komin tou ki vin vann pwodwi pa yo nan mache sa tou, tankou : Kòniyon, Mibalè ak Gantye. Abitan sa yo pa konn ki sen pou rele ankò paske machann lavil, Pòtoprens ak Kwadèboukè prèske paka vini achte nan men yo, lakòz gwo menas ak ransonnay san fwa ni lwa ki pa sispann fè sou yo nan wout Tomazo a.

Frape, fouye men nan anba wòb yo pran lajan ak tout sa yo pote, se yon veritab kalvè pou tout moun k ap fè trajè sa a. Peyizan yo di yo pa kapab ankò. Depi lavil pa monte pa gen lavant, se swa nou bay sa nou pote a pou piyay oubyen nou tounen ak yo. Se kri machann chabon yo, machann fig ak danre agrikòl yo.

Antreprenè yo ki pa menm anpil bò kote pa yo gen gwo kè kase pou sa k ap pase nan komin nan. Sila yo ki gen kenkayri ak depo bagay pou manje konn gen gwo pwoblèm pou renouvle estòk machandiz yo, sa tou konn debouche sou mache nwa, konsomatè yo oblije peye pri byen ak sèvis yo pi chè pase nòmal. Lajan pa sikile libreman nan zòn nan, tout moun pè, antreprenè yo dekouraje paske yo viktim nan tout sans. Bagay sa lakòz anpil nan yo rete lakay yo, gen lòt ki voye fanmi yo al viv kay vwazen, konsa tou genyen k ap fè reszistans malgre tou. Elas ! Sitiyasyon an konplike nan lakou lakay.

Deplasman sitwayen yo limite

Abitan Tomazo prèske pa sekile ankò. Dyaspora Tomazo paka antre vin wè fanmi lakay. Chofè kamyonèt pa gen bouch pou pale, se yo menm ki souvan viktim an premye. Bat yo, maltrete yo, pran tikòb vwayaj la, tire sou machin yo. Se konpòtman bandi yo chak fwa chofè yo ta eseye chape poul yo. Domaj pa gen lechwa, yon sèl antre yon sèl sòti ! Anpil nan yo abandone kite peyi a deja, gen kèk grenn ki kontinye ap bat lamizè. Pèsonn pa epanye lè nèg yo ap frape. Timoun lekòl ak sa ki vle al aprann metye lavil kontrarye.

Rodney Jean, yon jèn k ap etidye nan inivèsite UNASMOH, li menm ki pa sispann brave danje, te twouve l pandan yon bon bout tan nan men ravisè yo jou ki te dimanch 21 novanm 2021 an. Nan yon temwayaj, men sa viktim nan rakonte : « Lè m rive bò pilòn nan mwen wè yon ekip nèg abiye ak inifòm lapolis pran m (BIM, Polifront), yo frape m, yo brake sou mwen , yo chire mayo kite sou mwen an. Lè yo pa jwenn anyen yo di swa yo touye m oubyen yo fè 100 000 dola avè m ; san ezite mwen di mesye nou mèt touye m pito paske mwen p ap ka jwenn kòb nou mande m la. » Erezman yo te libere jenn gason an san yon pyas.

Pa rapò ak tout pwoblèm abitan Tomazo ap konnen, jan nou sot montre sa, èske gen mwayen pou zak sa yo sispann ? Kesyon sa rete san repons dirèk pou anpil moun. Men nou panse pwoblèm sa yo ka rezoud tout bon si leta vle sa. Nan sans sa n ap fè kèk pwopozisyon.

Pwopozisyon

Chimen bouton se chimen maleng. Fas ak tout deriv sa yo, Tomazo se tankou yon komin ki nan koma. Otorite ak notab yo ta dwe mete tèt ansanm pou pa kite komin nan mouri.
Pou sa rive fèt nou fè pwopozisyon sa yo :
– Ogmante efektif polisye nan komisarya pou yon pi bon sistèm sekirite. Li enkonsevab pou komin nan gen mwenske 10 polisye pou sekirize li pandan gen anviwon 60 000 moun kap viv ladan l (dapre resansman pa estimasyon an 2008) ;
– Bay Komisarya plis ekipman, pi bon machin ki ka mache nan wòch pou entèvansyon pi rapid nan espas tibilans ;
– Konstwi yon antèn bò dlo a pou abrite kèk polisye pandan yon bon bout nan jounen an. Sa ap pèmèt popilasyon an sikile san kè sote ;
– Devlope yon kominikasyon pi sere ak antèn kafou tomazo a.

Nou kwè si pwopozisyon sa yo rive aplike, popilasyon Tomazo a ava rale yon souf anba bandi san konsyans sa yo.

Francklyn DORCÉ, etidyan nan Istwa (IERAH-ISERSS/UEH)
Nicodème COLLOT, etidyan nan Ekonomi (FDSE/UEH)

À propos de Contributeur

Compte dédié aux contributeurs occasionnels de Balistrad Blog. Seuls les textes originaux (exclusivement rédigés pour BBLOG) seront publiés. Si vous souhaitez partager votre expérience, vos opinions, vos revendications [...], contactez-nous sur les réseaux sociaux ou sur balistradblog@gmail.com | « Libre de penser ! »

Visitez aussi

Le cauchemar des loyers en Haïti en temps de crise

On vit dans un pays perpétuellement en crise. Face à l’absence de l’Etat, il ne …