dimanche , 28 avril 2024

JIJI ak zanmi l [Kwonik yon adolesans ayisyèn]

Temps de lecture : 5 minutes

Mis à jour le 1 avril 2021 à 12h09

Epizòd 1

Lapriyè pou chans !

Sèn nan ap pase gran maten, li 5 è. Nou kay grann Jiji, Grann ti Do. Jiji, manman l ak twa nan matant li yo rete kay Grann ti Do, nan zòn bò gran simityè. Radyo a branche sou yon emisyon priyè : bri chan, plenyen ak vwa k ap lapriyè.

Grann ti Do. – Manman Altagras, ou menm ki son fanm vanyan, fanm djanm ! Manman nanm ki gaya ak sa ki malad. Manman sa k ap vire nan oto ak lòt k ap bat dlo pou l fè bè. M ap frape pòt ou yon lòt fwa ankò. M vin leve pitit mwen yo devan w ! M vin mande pou w pete je giyon sa k ap suiv medam mwen yo toupatou kote yo pase !

Ou s on fanm san parèy. Fanm ki konn tray ak doulè tout fanm. Fanm ki sansib pou tout fanm lavi ap mal mennen. Pa gen okenn manman ki gen pi bon kè pase w ! Manman Altagras m ap frape pòt ou ankò. Mwen bouke manman ! Mwen bouke wè gason devan pòt mwen pou pase pitit mwen nan rans !

Ou s on manman tankou m. Ou konn kijan kè m ap dechire lè m wè kijan avni pitit fi m yo ap pase nan tenten. Voye chans chen sa lwen yo ! Ke je vagabon yo fèmen lè bèl pitit mwen ap pase. Ke yo pa vin trennen douvan pòt mwen san yo p ap regle anyen serye. M pa gen pitit ankò pou vagabon ap vin bay kaka san savon pou okipe pou yo !

Manman tanpri Altagras di yon mo ! M pa vle mouri san medam mwen yo pa byen chita. M pa ka al kouche yon kote san pitit mwen yo pa byen nan men mari yo. Manman Altagras mwen bouke, fò w di yon mo pou mwen.

Jiji ap reprann lekòl jodia, m ap mande w pou ba l entèlijans pou l reyisi ane a. Vlope nou nan manto degras ou ! Se nan yon peyi tèt anba n ap viv, on jou sa bon, on jou sa pa bon menm. Si nou pa t sou pwoteksyon w manman Altagras, lè konsa zo nou pa t ap bon pou fè bouton ! Mèsi pou sa manman.

Trase wout pou pitit mwen Igèt k ap chèche lavi devan chodyè manje kuit anba lavil zòn danjere sa.
Trase wout pou Òtans, travay faktori a ap fini ak pitit mwen an manman Altagras ! Ke sipèvizè predatè sa ki tankou mouch nan kò maleng pitit mwen an kite l anrepo !
Trase wout pou Kazia. M pa vle wè metye sèkèy sa non manman Altagras. Men touye l rache l se jounalis li vle ye. Pwoteksyon pou li ak Katia, bèl pitit mwen an. M konnen w gen pou w bal estidyo pa l, pou l sispann pase mizè nan graje pye moun anwo pou degouden !
M leve pitit pitit mwen Jiji devan w ! Fè l kenbe tèt li, kenbe lekòl li. Ke l konnen gason p ap fini, yon tan pou chak bagay !

M lage Fredo ak madanm li devan w maman. Beni zantray malerèz la. Mete lavi nan maryaj yo.
M priye w konsa se pa paske m bon, men paske w konnen se ou sèl mwen genyen. Se ou ki patwòn mwen k ap veye sou mwen ak pitit mwen.

Ki moun ki gentan ap vide dlo frèt sa sou li gran maten an ?

Igèt. – Se mwen wi manman ! Lari a pral chaje moun jodi lendi an. Fò m gentan al fè mache pou manje a pare bonè. Jiji poko gen yon grenn liv lekòl, valiz la plen ak kaye ak plim. Fò m met pye m deyò !

Grann ti Do. — Se sèl manman ki manman. Lavi manman pa janm dous. Kouray pitit mwen ! Se mache vakabon an ap mache ! Aprè sa l ap vin kanpe fyè nan gradyasyon Jiji, di se li ki papa lè pitit ou fin pare. Ou tande Jiji ? W ap dòmi toujou ?

Jiji. – Non Grann ti Do. Je m klè.

Grann ti Do. — Ou wè tout mizè manman w ap pase pou w pa sòti menm jan ak li ! Sèlman pa fè nou mache tèt bese. Se pou w kenbe pitit mwen. Si w pran chans chen manman w lan, gason ap mache dèyè w se vre ! Men se pa anyen y ap vin regle pou ou. Kenbe lekòl ou. De ti tete sa w gen nan lestomak ou a pa di w demwazèl pou sa. Leve non ! Vin li de twa pasaj nan bib la pou mwen.

Igèt. — Bon kilè l ye la pou w ap prelase konsa sò Òtans ? Li 5 è depase wi mezanmi ! Jodi lendi ak blokis sou wout ayopò a, kilè w ap rive nan faktori blan an ?

Grann ti Do. – Vyann fri yè swa li dwe sonje. (ri) Li p ap fouti konte konbyen kuis li manje !

Òtans. – S on kanbiz ki te genyen an manman ? (ri) Ou konn konbyen mòso poul blanch yo bay pou san senkann goud ?

Katia. —Mezanmi! Moun pa fouti dòmi jouk li jou isit la. Depi manman m leve ak pitit prefere l Igèt, lòt moun pa bezwen dòmi.

Igèt. — Tanpri pou mwen wi fi ! M poko ka mouri non. Kenz lane pitan m nan genyen. M poko fè anyen pou li. M paka vin fè byenerèz manje m ! Ou fè nuit nan telefòn, kòman pou w ta fè ka leve.

Òtans. — Tchwi tchwi tchwi ap damou nan telefòn tout lannwit, anpeche moun dòmi. Ou pa mennen l bay manman m f on priyè pou li.

Grann ti Do. —Nou wè jan n ap pase pawòl Bondye nan rans!

Katia. — Bon manman, an n pale koze serye, s on priyè espesyal pou w ta fè pou Kazia. Fi sa preche m yo koze fanm endependan avan yè, ou t ap choke. Kazia di l p ap chèche okenn nèg ki pou sove l, li fè sa chak jou pou tèt li. Ou tande ti madanm !

Grann ti Do. — Vye pawòl Kazia ap pale. Tout fanm bezwen yon gason bò kote yo.

Katia. — Pitit jounalis ou a di li pa bezwen pèsòn mennen l. Si w ka fè wout la avè l an n ale. M tande maryaj pa enterese l.

Grann ti Do. — Katia ! Ban m tèt mwen gran maten an souple ak pawòl tafya sa yo. Nou toujou ap fè blag ak pawòl serye.

Igèt. — Ou pa bezwen vekse man ! Pale a bon, nou bezwen sa pou n bliye jan peyi a ap mal mennen nou.

Òtans. — Pa vekse ti madanm ! Katia sa k fè w pa pale manman w de ti mennaj frèch ki fè w pèdi sòmèy la ? Kazia pa menm la se sou do l ou monte maten an.

Katia. — Bon se pa granmoun ki non nou !

Grann ti Do. — Mwen ! M p ap di yon mo ankò ! M pa bezwen di Katia anyen ankò! Sèlman pa gen okenn moun ki pral vin fè jako pye vèt devan vye pòt kay mwen an. Si papa nou te la, si l te vivan toujou se pa konsa sa t ap pase. Paske lè yo vin la, yo pa wè gason nan kay la yo panse se piyay ki la.

Katia. — Manman pa okipe Igèt ak Òtans. Se yon zanmi m ki nouyòk ki gen ti pwoblèm ki ap mande m konsèy. Ou pa bezwen preche m gran maten an ti madanm.
Stidyo a pa ouvri le lendi, m pral fè jounen an kay Kazia Pako.

Igèt. — Jiji. Ou konnen se madmwazèl longè w ye ! Leve kounya pou w prepare w pou w pa anreta. Jodi a se premye jou, ale bonè pou w ka jwenn bon plas nan klas la.

Jiji. – Wi manman. M ap fin li vèsè yo pou ou pita grann.

Andrise Pierre
est titulaire d’un master en lettres modernes de l’université Paris VIII, elle est dramaturge et animatrice d’un club littéraire à Port au Prince, elle enseigne les littératures française et haïtienne. Troisième lauréate du Prix du texte francophone 2019 d’ETC Caraïbe, elle a été en 2020, en résidence à la Rochelle où elle écrit une nouvelle pièce, « Que Dieu ne noircisse pas nos matrices » qui aborde la migration, l’adoption et le malaise de se sentir seul et différent dans un ville, dans une société.

À propos de Contributeur

Compte dédié aux contributeurs occasionnels de Balistrad Blog. Seuls les textes originaux (exclusivement rédigés pour BBLOG) seront publiés. Si vous souhaitez partager votre expérience, vos opinions, vos revendications [...], contactez-nous sur les réseaux sociaux ou sur balistradblog@gmail.com | « Libre de penser ! »

Visitez aussi

Le cauchemar des loyers en Haïti en temps de crise

On vit dans un pays perpétuellement en crise. Face à l’absence de l’Etat, il ne …