vendredi , 19 avril 2024

Sosyete/Relasyon: Angaje moun pou renmen ak mennaj ou, yon pratik a doub fas

Temps de lecture : 4 minutes

Mis à jour le 1 avril 2021 à 12h08

Depi byen lontan, zafè relasyon moun ak moun pa t janm yon bagay fasil. Te toujou genyen gwo traka. Soti nan relasyon nan fanmi, relasyon pwofesyonèl, pase pran zanmitay pou jis rive nan relasyon lanmou. Kesyon konfyans se youn nan premye rezon ki toujou koz gen gwo bouch pa gou ant aktè yo pou kèlkeswa tip relasyon ki ta egziste ant yo. Nan ka relasyon lanmou yo, youn nan aktè yo konn angaje yon moun pou al koze ak mennaj li. Sa ki reprezante yon pratik a « doub fas ».

Sa gen lontan gen yon pratik ki ap mennen e, ta sanble, ki pèmèt konfyans tabli nan relasyon yo. Pratik sa a konn rive nan tout tip relasyon yo, men li plis frekan nan relasyon lanmou yo, se poutèt sa atik sa a ap plis chita sou relasyon ant de (2) moun ki nan renmen. Pou eseye analize pratik sa anpil moun konnen men pa vrèman pale de li avèk temwanyaj plizyè moun swa ki sibi l oubyen ki fè lòt moun sibi l.

Ki sa pratik sa ye ?

« Misyon » se yon bagay ki ap fè chimen lontan men yo pa vrèman pale de li. Atravè pratik sa, youn nan patnè yo itilize swa yon lòt moun oubyen li menm ankò pou al file patnè li a. Malgre sa te pi difisil nan tan lontan paske mwayen kominikasyon yo pa te fasil menm jan sa ye pou moman kounya. Avan, pou misyon an te kòmanse, fòk moun ki reponsab pou jere misyon sa a te jwenn yon fason pou li kwaze bab pou bab avèk moun li gen misyon pou li a.

Men, jounen jodi a bagay yo trè diferan. Gras avèk mwayen kominikasyon yo ki vin pi senp e pi fasil, misyonè yo rankonte mwens difikilte pou yo tonbe sou sib la. Epi, ta sanble, yo pran pi piti tan pou yo akonpli misyon an. Sa rive fèt paske preske tout moun nan mond la ap itilize rezo sosyal yo. Epitou, konbyen itilizatè ki poko janm jwenn yon — swadizan — enkoni tonbe ekri li?

Alèkile gen 2 diferan « misyon »

Premye a se sa nou rele « 2 kont 1 » an. Ladan li, jan nou te di piwo a youn nan patnè yo itilize yon lòt moun pou ale file mennaj li pou wè si mennaj la ap sede, daprè konsta yo, pa gen pyès baryè nan demach konsa. Sa vle di, moun yo itilize a gen kat blanch pou li aji. Objektif la se sonde patnè a pou wè èske li renmen moun li ak li a tout bon. Anplis, ta sanble se dyaspora ki plis itilize metòd sa pou yo kapab konnen si yo ap byen depanse pou patnè yo ki ann Ayiti.

Dezyèm nan se sa nou rele « youn kont youn » nan. Nan kad misyon sa, pa gen prezans pyès lòt moun. Se youn nan patnè yo ase souvan ki itilize yon lòt idantite : nouvo paj Facebook, Instagram, lòt nimewo WhatsApp, elt. Li itilize mwayen sa pou li ale file patnè li a nan sousi pou kapab sonde nivo lanmou li gen pou li. Selon plizyè adèp pratik sa a, yo souvan itilize yon idantite entènasyonal (dyaspora) pou fè sondaj la. Paske selon yo, se pi bon fason pou jwenn rezilta.

Men kijan yon jèn demwazèl ki rele Ruth t ap bay enpresyon li sou sijè a: « imajine ou ak nèg la swa ou nan inivèsite oubyen w fini ou poko ap travay tout moun konn jan Ayiti ye, epi w gen yon bèl ti gason nan men w. W ap toujou mande tèt ou sa l wè nan ou e èske li pa p ale si l ta jwenn yon moun ki ka ba l sa ou menm ou pa ka bay la, si w wè l refize dyaspora a pou ou konnen gen bagay. »
Marvens li menm konfime ki avantaj sa genyen lè w vin fè misyon an an dyaspora: « Li pa yon sekrè pou pyès moun ke fanm renmen lajan, men ou menm ki se yon bouda chire epi w gen ti lady w la tankou la pou fèt sa ki sot pase a la ki fanm ki pa t ap renmen antre nan yon estidyo pou jere cheve yo, ki fanm ki pa t renmen gen kèk Hyppolite nan bous li pou l vire? Se sa k fè lè w vin an dyaspora w ap konnen byen vit la tanzantan ou mande fanm nan pou w fè yon transfè pou li epi w ap mande l ti foto, depi l aksepte zanmi ou pa gen fanm ankò non. »

Jan nou te di nan kòmansman an, fè misyon an se pa yon pratik ki vini yè. Li nan sosyete a lontan malgre yo pa vrèman pale de li. Kèlkeswa aksyon ou poze a, ou pa dwe etone lè w jwenn yon repons: kit se yon repons pozitif kit li negatif. Puiske pratik sa la jeneralman pou detèmine a ki nivo ou ka fè patnè w la konfyans, sa konn rive li pote repons pozitif. Nan lide si moun nan deja gen yon patnè epi yon dyaspora vin ap ofri l Lalin li pa aksepte konnen se yon moun de konfyans. Men, nan anpil lòt ka bagay yo konn trè mal tounen. Nan yon lòt tèm, nou kapab di olye pratik sa pote konsolidasyon nan koup yo, pafwa li konn pote destriksyon e an plis a plizyè nivo.

Ki konsekans « fè misyon » an genyen nan koup yo?

Nan metòd « youn kont youn » nan, koup la konn tou kraze paske lè patnè ki t ap sibi sondaj la vin dekouvri kiyès ki te veritab aktè a, li konn tou deside kite sa paske li twouve patnè l la pa te gen konfyans ase nan li. Se egzateman sa Sandy eksplike nou: « M te ak nèg la byen pwòp nou youn pa t ap travay sa pa t deranje m, m pa konn sa k pase nan tèt li, li al ekri m sou yon lòt nimewo epi l ap plede ofri m lajan. Lè m dekouvri se li, m tou depoze jan de moun sa yo tou dousman. »

Nan “De (2) kont youn (1)“ nan, non sèlman li konn kraze koup la anplis li konn kraze konplisite ki te gen ant 2 asosye yo. Paske an reyalite, pou fè « Misyon » an sa mande tan ak galantri. Pafwa plezi a konn tèlman ap byen pase ant moun yo itilize a ak sib la, misyonè a tou fè tant li pou l rete. Mario, yon jèn gason 24 lane, rakonte nou kijan li pèdi ni mennaj li ni yon bon patnè l: « monchè m te jis bay nèg la yon misyon m pa t ka fè l pou kont mwen paske m te souvan ak fi a. Epi britsoukou, m wè fi a ap ban m kòd long lè m ekri misye pou m mande l sa k tonbe nan misyon an se lè sa m wè misye bloke m. Misye sanble di fi a se mwen ki te voye l, fi a tou kite m. Kounya moun sa yo se flè m wè y ap voye sou Instagram. »

Sijè sa a sansib anpil. Plizyè rezon kapab fè anpil fwa rezilta yo konn diferan de sa yo t ap chèche yo. Men sa konn rive tou, gen koup ki vin solid kounya gras ak pratik sa. Paske li evidan ke konfyans se youn nan baz yon bon relasyon ant de (2) oubyen plizyè moun. Men tou, li pa vann nan mache ni sou entènèt. Fòk nou toujou sonje relasyon moun ak moun pa t janm fasil men gen plizyè fason yo manje manyòk anmè.

Tyson Duverger

Visitez aussi

Volte-face

On avançait vers la fin du procès. Charline allait gagner. C’était évident. Les preuves qu’elle …